A Mission of the Roman Catholic Church, Diocese of Palm Beach

Homily Notes | 1.15.2012 | Creole

2ÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE B

Frè m ak Sè m yo,

Nan okazyon Levanjil Dimanch sa a, an patikilye, Jan te pale ak 2 moun ki te pran desizyon pou yo swiv Jezi. Lè yo te poze Jezi kesyon : ki kote Li te rete ? Jezi reponn yo, nan yon mo tou kout, kite gen anpil chalè ak akèy. “Vini, epi wa wè”, se konsa li te di. Evanjelist la pat di kisa ki te transpire lè yo te ale avèk Jezi lakay li. Èske li te pale ak yo pou lontan de Peyi kote Bondye wa-a? Èske yo te manje ansanm ak Jezi?  Kèlkeswa sak te pase-a, yo te kite anpil sans angajman ak antouzyas. Andre te youn nan 2 moun sa yo. Li te si tèlman kontan, li kouri al rakonte istwa-a ak frè li, Simon Pyè, ke yo jwenn Mesi-a. Konsa, pi enpòtan nan tou lè 4 Evanjil yo, se Jezi li-menm. Nan pasaj jodi-a, Jan Batis te tankou yon limyè ki klere sou Jezi pou ke lòt moun yo te kapab wè li e pou yo ka kòmanse wè kilès li ye. Andre pat kontante-l pou l te gen Jezi pou kont li sèlman. Li te santi-l oblije pou l te envite frè li pataje Bòn Nouvèl sa yo ansanm ak li. Legliz la, nan tradisyon li, aprè anpil syèk, toujou kontinye jwe wòl Jan Batis la. Jodi-a, pou nou, tradisyon yo soulinye Jezi antan ke Sovè nou, kòm mouton Bondye ki wete peche sou tè-a. Nou tande envitasyon Jezi-a : « Vini, epi wa wè ki kote m-a prale. »  Envitasyon sa-a mennen nou dirèkteman nan kay espirityèl nou, ki se Legliz la. Nou konn sa ka-p pase la-a. Jezi, atravè tout Labib la ap pale nou epi proklame nou de Peyi kote Bondye wa-a. Jezi manje ak nou, Li pataje avèk nou repa kò li ak san li. Ki sa ki prochen etap la ? Èske nou vle sòti pou nou jwenn yon moun pou nou pataje Bòn Nouvèl yo ? Li k-ab petèt kèk manm nan fanmi nou oubyen yon zanmi ki pa vini ankò nan Lamès la.  Petèt te gen yon mal-konprann, santiman-l te blese, epi resilta-a se te pa vin Legliz ankò. Nou dwe kouri, avèk anpil antouzyas, menm jan ak Andre, al envite frè-n ak sè-n sa yo retounen vin pratike lafwa yo. Anpil nan nou, nou pè reponn avèk apèl la, akoz de rejè yo oubyen akoz pèsekisyon yo. Epoutan, kèkfwa, apèl Bondye yo konn boulvèse lavi konfòtab nou. Men, si Bondye bezwen nou, l-ap kontinye rele-n, menm jan li fè-l pou Samyèl, jiskas ke vin gen yon chans pou-n ka eponn. Pafwa, nou konn bezwen moun ede nou pou nou konprann kisa Bondye di, nou konn bezwen tou pafwa yo siyale nou bon direksyon pou nou pran, pafwa nou bezwen konfimasyon lot.  Vokasyon Jan Batis la kapab e dwe kontinye nan nou. Angouman Andre te genyen-an dwe fè pati de lavi nou kom Katolik. Pou kek lòt moun, nou dwe toujou prè pou envitasyon sa a : « Vini epi wè ki kote Jezi rete. »