A Mission of the Roman Catholic Church, Diocese of Palm Beach

Homily Notes | 2.19.2012 | Creole

SETYÈM DIMANCH SENP, ANE B.

Frè m ak Sè m yo,

Gen de bagay ke yon moun paka fè.  Ou pa kapab kouri yon machin avèk dlo selman nan tank gaz la. Ou pa kapab konsève yon manje nan yon frijidè san ou pa ploge li. Epi pèsonn pa kapab padone peche avek pouvwa moun li selman.  Direktè lalwa yo ki t-ap obsève Jezi e ki te tande  li deklare ke peche-w padone te toutafè gen rezon nan opinyon yo, « Kiyès ki kapab padone peche sinon Bondye sèlman » Men, yo te manke pwen-an, paske yo pat konnen kiyès Jezi te ye. Paske Jezi li-menm li se Bondye, Li egal ak Papa-l ki nan syèl la nan tout bagay, Li kapab e padone peche nan pwòp otorite-l. Li fè sa, nan yon fason imen. Jezi te kapab padone peche nèg ki te paralize-a byen fasil avèk senp volonte li.  O kontrè li gade nèg paralize-a ak anpil konpasyon epi li pale ak otorite, men ak pawòl moun : « Pitit mwen peche ou yo padone. » Nan Jezi nou wè ke fason diven pran plas fason moun nan. Jezi konfime pisans pawòl li atravè yon mirak. Paske remisyon peche yo envizib, Pat gen okenn tès pou pisans pawòl li yo, men lè li di moun paralize-a : « Leve, pran nat ou e retounen mache ankò, » tout moun te vire tounnen al wè nonm paralize-a pou yo te wè si pawòl Jezi-a te gen efè vre. Lè nonm paralize-a kanpe, se te yon siy pou tout moun ke Jezi pat sèlman geri paralize-a ak pawòl ki soti nan bouch li, men li padone peche li yo tou ak pawòl nan bouch li. Nan  Jezi Bondye te fe yon bagay nouvo.  Jamè okenn moun pa janm tande pawòl padone peche moun nan bouch pèsonn tankou sa yo tande nan bouch Jezi yo. Pawòl li yo ak pouvwa li yo toujou kontinye nan Legliz la, paske chemen Bondye  se toujou pou ranplase chemen moun. Yon Prèt pa kapab padone peche pou kont li. Li dwe branche nan Legliz la, piske, selon volonte Jezi, padon-an li vini atravè Legliz la e pou Legliz la. Se sa ki fe`, pawòl absolisyon nan sakreman penitans lan genyen priyè enpòtan sa-a : “atravè Ministè Legliz la se pou Bondye padone ou e ba ou lapè.” atrave` Legliz la, Jezi  te libreman chwazi  yon fason imen pou kontinye pote misyon diven sakreman rekonsilyasyon an. Antan ke Katolik, youn nan pi gro don ke Bondye ba nou se Sakreman Penitans lan. Nou se moun beni paske nou gen privilèj pou n tande yon vwa  imèn k-ap eksprime padon peche nou avek yon men rekonsilyan kap touche nou.  Lè nou mete ansanm eksperyans imèn sa-a avèk lafwa nou, nou dwe tou kontan anpil epi nou dwe fè louwanj e bay Bondye glwa pou yon gro favè konsa ki soti nan Bondye nou-an ki bon e ki gen ke` sansib.

Pè Yves Geffrard