A Mission of the Roman Catholic Church, Diocese of Palm Beach

Homily Notes | 2.12.2012 | Creole

SIZYÈM DIMANCH SENP, ANE B.

Frè m ak Sè m yo,

Maladi lalèp la sanse disparèt nan sosyete kontanporèn nou an, men nan epòk Jezi-a, li te youn nan maladi ki te pi redoutab nan tout maladi yo. Maladi sa-a defigire moun ki genyen-l yo, li fòse yo al viv nan dezè kote yo pa ka wè fanmi yo ak zanmi yo, e li rann yo vi papròp pou adorasyon piblik. Kòman yo te konn evalye yon moun ki te gen maladi-a ? Youn nan tach Prèt ansyen Testaman yo se te aji tankou yon dèmatològ epi deside si yon moun ak yon maladi po kapab kontamine yon lòt moun. Kèlkeswa sa maladi po a te ye, depi yo jije ke li kontajye, yo rele-l maladi lalèp. Maladi ke nou tande nan premye lekti-a jodi-a parèt tankou maladi pyas. Si yo vin deside ke yon moun gen maladi lèp, moun sa-a vin toudenkou san kay pou-l rete, san dyòb, san zanmi ak fanmi. Moun sa-a vin oblije al viv andeyò vil la, moun sa a paka chita ak paran li yo oubyen ak zanmi li yo, yo te konn avèti pèp la lè moun sa yo ap aproche nan zòn nan, kay yo sete gròt ak tonb epi moun sa yo te konn viv selman de mande yo konn mande moun k-ap vwayaje swa kap vin lavil la ou byen kap kite vil la. Se te yon santans ki tèrib pou kondane yon moun ladan. Yon lòt kote tou, si prèt la vin pran yon move desizyon, li kite moun sa-a rete nan alantou-an, li ka mete an peril santé tout kominote-a. Genyen 2 chapit nan Liv Levitik la ki bay règleman kòman pou yo trete maladi lalèp la. Premye lekti Jodi-a, se yon ti pati ki soti nan Liv Levitik la. Règleman yo te yon jan difisil, men nan tan primitiv sa-a, yo te nesesè pou kenbe kominote-a an anvi. Lekti sa-a destine pou prepare nou pou Levanjil la kote nou wè ke pouvwa ak lanmou Jezi trete maladi-a yon lòt fason. Li lonje men bay moun kite malad e izole a, li etabli an menm tan santé li ak kapasite pou li retounen nan kominote-a. Pati Evanjil Jodi-a toutafè ekstraòdinè. Jezi pa sèlman akeyi nèg la; Li lonje men ba li epi touché li.Li pa te repouse nèg sa ki te pòv e defigire. Pi plis ankò, Jezi te evoke yon otorite pi gran pase lalwa Levitik la. Tout moun ki te touché yon moun ki gen maladi lalèp, lwa Levitik la te konsidere moun sa-a pa pwòp, ki vle di ke moun sa pa prè pou vin nan sevis adorasyon. Jezi klèman rejte mòd lwa sa-a, e atravè aksyon li, li deklare ke lacharite pi wo pase tout lwa.
Pè Yves Geffrard