A Mission of the Roman Catholic Church, Diocese of Palm Beach

Homily Notes | 2.05.2012 | Creole

SENKIYÈM DIMANCH SENP, ANE B.

Frè m ak Sè m yo,

Jodi-a, nan premye lekti nou-an, nou tande Jòb k-ap deplore soufrans li yo.  Depresyon-an te vrèman evidan lè Jòb di : « Mwen pap ka wè bonè ankò » dezespwa se youn nan gro koz depresyon. Ke Jòb te yon moun reyèl ou non, pèson pa ka di avèk konviksyon, men liv Jòb la eksprime yon santiman ke nou tout santi pafwa, ke lavi-a pa jis.  Nan epòk liv la te ekri-a, jan pèp Bondye-a te wè bagay yo, sè ke depi nou anfòm, tout bagay prale mache byen, epi si nou pa bon, tout malè kapab rive nou. Nou tout konnen ke lavi-a pa toujou fonksyone konsa. Liv Jòb la envestige problèm sa-a san li pa vin ak yon repons ki satisfèzan. Otè ki ekri-a te kapab konkli selman ke Bondye dwe konnen sa l-ap fè, paske nou menm nou pa konnen. Konsa, menm lè Jòb dezespere ke li pap janm jwenn kontantman ankò, men tout malè li yo te vin tounen kontrè nan fen-an epi li mouri ak anpil kontantman. Nan Evanjil la, nou tande pale de Jezi ki geri Belmè Pyè. Belmè yo kon sijè anpil blag, kèk nan yo konn fè moun ri, kek konn synik pou yon bon bout tan. Yon ekspè di konsa : « Dèyè chak moun ki reyisi nan lavi-a, nou toujou jwenn ak sipriz yon belmè kanpe dèyè-l. Si Belmè Pyè te sipri paske Jezi te chwazi Pyè kòm moun ki pral alatèt tout apot yo, sa nou pa konnen.an efè, se yon sèl fwa sèlman non l mansyone nan tout Evanjil yo, men, sel mansyon sa, li enpòtan pou  nou. Pyè, nan moman sa ke yo te toujou konnen-l sou non Simon, te pè anpil pou belmè li ki te tonbe malad ak yon fyèv. Lè Simon te pale ak Jezi de belmè-l, Jezi te kenbe men li sèlman, epi maladi fyèv la te pase. Aksyon Jezi-a pat siprann pèson. Men, nan yon ti moman, ak anpil sipriz, li te kòmanse ap sèvi Jezi ak disip li yo. Ou te k-ap panse ke li te k-ap pran yon ti moman pou l repoze li, men, se pat konsa li te reyaji.  Sen Pòl, li menm tou te ranpli ak lespri sèvis sa a tou. Pou l soulinye dedikasyon-l li-an pou preche Evanjil la ke li te aple pou-l bay li ekri : « Mwen anba yon obligasyon e mwen pat gen lòt chwa. »  Se te yon fason klè pou l te montre grandè sans responsabilite li. Li pat ezite montre jenerozite li pou raple moun Korent yo ke, « Mwen ofri nou Evanjil la gratis. » Nan konparezon ak grandè vokasyon Sen Pòl, senp sèvis ke belmè Pyè te ofri ki te sanble parèt ensinifyan. Leson an, sè ke toulède montre jenerozite ak lespri pataj sèvis Jezi-a menm,Pòl nan fason pa li epi belmè Pyè a nan fason pa li. E nou menm ki fason pa nou? Nou kapab tankou Jezi nan responsablite apel nou genyen nan lavi nou, kelkeswa sa nap fè nan lavi a.  Nou bezwen reflechi pou nou wè kouman nou jenere epi jan nou gen sans pataj nan lavi nou kòm yon gran paran, yon paran, yon mari-madanm, yon profesè, yon travayè, yon volontè, yon elèv, yon prèt, yon relijye, kèlkeswa sa ou aple pou fè a.

Pè Yves Geffrard