A Mission of the Roman Catholic Church, Diocese of Palm Beach

Homily Notes | 1.29.2012 | Creole

KATRIYÈM DIMANCH SENP, ANE B.

Frè m ak Sè m yo,

Jezi te konn gen abitid ale nan Sinagòg la jou saba-a. Lè li aksepte wòl raben, nan okazyon sa yo, Li akonpli promès Moyiz ki te deklare a pèp la : « Yon profèt tankou mwen menm, ap vin Sènyè nou, Bondye nou-an, kap soti pami nou-menm, Li menm, se pou nou koute-l. Lè Jezi te kòmanse preche nan Sinagòg Kapenawòm lan, move lespri a kriye : « Ou se pitit Bondye-a. » Nan siprem ironi, moun ki gen move lespri a bay yon sèmon sou identite Jezi. Sa li te di a se te vre.  Apre sa, Jezi te vin konfime temwonyaj moun ki te gen move lespri atravè aksyon li : Li retire demon-an sou nonm ki te posede a. Sen Mak ki te ba nou istwa remakab sa-a vle ke nou konprann ke premye rezon ensidan sa-a se pat pou atire nou sou Jezi Kòm yon moun k-ap fè mirak Men se pou nou te ka anbrase identite Jezi kòm inik Pitit Bondye ki Sen an.  Sen Pòl te gen menm angajman sa-a nan lide li, le li te obzeve ke moun ki selibate se zafe Granmèt la ki plis konsene-l.  Men marye ou pa, Bondye rele nou tout pou vin remèt tèt nou ak tout kè nou bay Jezi, li men ki pròp pitit granmèt la.  Epi tou, pi devan Jezi nan ministè piblik li fè yon promès nan menm sinagòg Kapenawòm lan pou bay kò li ak san li pou manje ak pou bwè pou lavi etènèl. Ansyen zansèt nou yo ki te gen lafwa te kontinye ale nan Sinagòg la nan jou saba ; epi nan dimanch yo rankontre lakay yon moun pou la kominyon. Lè payen yo te kòmanse antre legliz la, sèvis lekti nan sinagòg la, sèmon ,  avèk priyè yo te konbine ansanm avèk lakominyon nan jou dimanch. Pawòl la ak sakreman-an,  lekti yo ak la kominyon te vin tèlman konekte yo te rive fòme yon sèl ak dadorasyon.  Chak dimanch nou jwen privilèj patisipe nan adorasyon sa ke nou rele lamès la.  Jezi toujou avè nou nan pawòl la ak nan sakreman.  Legliz la fè nou sonje ke « Se Jezi li menm ki pale avè nou nan lekti yo e ki proklame nan litiji-a.  Se vrèman Kris la ki itilize vwa lèzòm pou pale avèk nou.  Legliz la ensiste ke se kris la menm ki pote kò li ak san li sou fòm pen ak diven. La kominyon ranpli promès Jezi te fè nan sinagòg  Kapenawòm la, ke li tap ba nou kò li pou manje e san li pou bwè. Nan selebrasyon chak lamès nou jwenn opòtinite anbrase Jezi kòm Sel pitit Bondye-a ki pale avèk otorite.