Homily Notes | 1.22.2012 | Creole
Frè m ak Sè m yo,
Liv Jonas la se tankou parabòl Jezi yo, e menm jan ak parabòl Jezi yo, li geyen yon leson ki enpòtan anpil pou anseye. Jonas reprezante moun ki mesken yo, sa ki egoyis yo, moun ki pa vle pataje anyen nan sa yo genyen, menm Bondye yo pa vle pataje ak lòt moun. Jonas se senbòl moun ki rayi prochen yo, moun ki gen anpil rankin epi ki refize rekonsilye avèk ennmi yo, menm lè ke y-ap tann Bondye padone peche yo. Jonas reprezante moun sa yo ki pa konprann Bondye. Bondye gran, men nou menm nou gen tandans pou nou minimize. Bondye renmen padone, men nou menm, nou gen tandans refize rekonsilye ak moun ki fè nou mal. Bondye jenere e nou menm nou gen tandans egoyis. Yon siy ki montre ke Bondye diferan de Jonas ak moun ki menm jan ak li yo, se lakwa-a. Nan 2èm priyè Ekaristik la, nou di « Jezi ouvè 2 bra-l sou la kwa » Li fè sa pou l anbrase tout gason ak fanm tout tan, tout kote. Tradiksyon espanyòl la rann sans li pi klè e pi kategorik : «Extendio SUS Brazos en la cruz.» Li lonje bra-l pi lwen ke li kapab sou kwa-a yon fason pou li pa ekskli okenn moun de lanmou konsilyatè Li-a. Nou rele Legliz la Katolik paske li inivèsèl. Li la depi nan tan pase yo, depi sou tan Jezi Kri, e l-ap rete la jiskaske Li retounen nan laglwa. Li se Katolik tou paske li enkli tout kalite moun. Malgre ke Legliz la fonde nan Lavil Jerizalèm, li pa Jwif. Byen ke Legliz la gen sant kontròl li nan Lavil Ròm, li pa Italyen pou sa. Malgre Legliz la an maje pati te repann pa misyonè Eropeyen yo, li pa Eropeyèn pou sa. Legliz Katolik ki vle di inivèsèl. Tout katolik otantik yo, pap fèmen kè yo ak lòt moun, menm jan Jonas te fè-l. Yon fason menm jan ak Jezi Kri, yo ouvri bra yo byen gran pou yo akeyi tout moun. Se poutèt sa, Bondye te voye pitit li pou-L te anseye nou epi gide nou. « Le`a rive », Li di, pendan li kòmanse ministe` piblik li. « Wayòm Bondye-a tou pre rive » Kite peche nou yo epi kwè nan Bòn Nouvèl la. Kòm nou tande nan Levanjil jodi-a, Jezi te bezwen anpil bra pou anonse Bòn Nouvèl la, pousa li te kòmanse chwazi moun ki te pou ede li. Jezi te di : « Mwen te vini pou yo ka gen lavi e pou yo genyen lavi an kantite. » Anseyman Jezi yo se Bòn Nouvèl la. Men, Gen de fwa, nou pa santi-l nan fason sa-a. Tankou Padone moun ki fè nou mal, padone enmi nou yo, leve nan dimanch maten, lè nou fatige. Gade kòmandman yo, bay lòt moun yon pati nan lajan travay nou. Kèkfwa, li pa yon Bòn Nouvèl. Se poutèt sa li te di: « Kwè nan Bòn Nouvèl la, » paske nou pa toujou santi-l.

